skip to Main Content
Loading Events

« All Events

Ti Pa, Gwo Chanjman: Yon Pwogram Dyabèt ki dire 4 Semèn

August 6 @ 6:30 pm - 8:30 pm
Free

Ti Pa, Gwo Chanjman: Yon Pwogram Dyabèt ki dire 4 Semèn

0 Going

Fondasyon Dyabèt la envite ou menm ak fanmi ou pou rantre nan pwogram dyabèt vityèl GRATIS 4 semèn nou an. Jere sik ou vin pi fasil avèk edikasyon. N ap ba ou zouti reyèl, sipò reyèl, ak konfyans reyèl nan jere dyabèt ou.

Vin jwenn nou nan yon espas ki konplètman san jijman atravè Zoom nan dat 6 Out, 13 Out, 20 Out ak 27 Out. Pou chak sesyon ou patisipe, w ap jwenn yon zouti byennèt gratis oswa yon kado! Si ou enskri pou premye sesyon sa a, y ap voye w rapèl pou 3 semèn kap vini yo tou.

Semèn 1: Kijan dyabèt afekte kò w ak zouti pou kontwole sik nan san w chak jou (aprann kijan pou jwenn founiti pou dyabèt gratis)

Semèn 2: Kijan medikaman w yo fonksyone nan kò w pou amelyore nivo sik nan san w ak fason mouvman ak aktivite fizik ka amelyore kalite lavi w

Semèn 3: Aprann kijan pou entegre yon bon jan manje nan fòm vi w (jwenn yon boutèy dlo ak yon asyèt pou dyabèt gratis)

Semèn 4: Aprann estrateji pou jere estrès epi kenbe sik nan san w sou bon chemen, konprann kijan pou reponn a nivo sik ki wo, sik ki ba, ak konplikasyon, amelyore aksè a swen, epi fikse objektif S.M.A.R.T. pou w santi w pi byen pandan w ap viv ak dyabèt. (jwenn yon Suivi Aktivite gratis apre sesyon swivi ou yo fini!)

Pwochen Etap pou Ou:

  • RSVP anba a
  • Soumèt Oto-Evalyasyon ou a (lyen voye pa imèl) oubyen klike la a: DSMES Self-Assessment – ​​Diabetes Foundation pou nou ka pèsonalize eksperyans edikasyon ou.
  • Patisipe nan klas la
  • Jwenn kado gratis ou yo 🙂
  • Pase yon demen ki pi an sante!

RSVP jodi a oubyen kontakte Diabetes Foundation jodi a nan (201)444-0337 pou plis enfòmasyon oubyen pou enskri pa telefòn pou garanti plas ou.

An patenarya avèk Lakay Acces Sante

Lakay Acces Sante Inc. Emblem

Details

  • Date: August 6
  • Time:
    6:30 pm - 8:30 pm
  • Cost: Free
  • Event Categories: ,

Other

Details for email
Mèsi pou enskri pou Atelye Edikasyon Sou Dyab sou Out 6, 6:30-8:30pm Isit la se lyen an Zoom pou ou rantre nan nou: Antre nan reyinyon Zoom nan https://us02web.zoom.us/j/82001955746?pwd=J8mEO7YcvWjhfhkPqRbrzPIFkCBWow.1 Lyen pou chat reyinyon an https://us02web.zoom.us/launch/jc/82001955746 ID Reyinyon: 820 0195 5746 Kòd aksè: 676900 --- Konekte ak yon sèl klik sou mobil +16465588656,,82001955746#,,,,*676900# Etazini (New York) +16469313860,,82001955746#,,,,*676900# Etazini --- Antre atravè SIP • 82001955746@zoomcrc.com
Back To Top