Ti Pa, Gwo Chanjman: Yon Pwogram Dyabèt ki dire 4 Semèn

Ti Pa, Gwo Chanjman: Yon Pwogram Dyabèt ki dire 4 Semèn
Fondasyon Dyabèt la envite ou menm ak fanmi ou pou rantre nan pwogram dyabèt vityèl GRATIS 4 semèn nou an. Jere sik ou vin pi fasil avèk edikasyon. N ap ba ou zouti reyèl, sipò reyèl, ak konfyans reyèl nan jere dyabèt ou.
Vin jwenn nou nan yon espas ki konplètman san jijman atravè Zoom nan dat 6 Out, 13 Out, 20 Out ak 27 Out. Pou chak sesyon ou patisipe, w ap jwenn yon zouti byennèt gratis oswa yon kado! Si ou enskri pou premye sesyon sa a, y ap voye w rapèl pou 3 semèn kap vini yo tou.
Semèn 1: Kijan dyabèt afekte kò w ak zouti pou kontwole sik nan san w chak jou (aprann kijan pou jwenn founiti pou dyabèt gratis)
Semèn 2: Kijan medikaman w yo fonksyone nan kò w pou amelyore nivo sik nan san w ak fason mouvman ak aktivite fizik ka amelyore kalite lavi w
Semèn 3: Aprann kijan pou entegre yon bon jan manje nan fòm vi w (jwenn yon boutèy dlo ak yon asyèt pou dyabèt gratis)
Semèn 4: Aprann estrateji pou jere estrès epi kenbe sik nan san w sou bon chemen, konprann kijan pou reponn a nivo sik ki wo, sik ki ba, ak konplikasyon, amelyore aksè a swen, epi fikse objektif S.M.A.R.T. pou w santi w pi byen pandan w ap viv ak dyabèt. (jwenn yon Suivi Aktivite gratis apre sesyon swivi ou yo fini!)
Pwochen Etap pou Ou:
- RSVP anba a
- Soumèt Oto-Evalyasyon ou a (lyen voye pa imèl) oubyen klike la a: DSMES Self-Assessment – Diabetes Foundation pou nou ka pèsonalize eksperyans edikasyon ou.
- Patisipe nan klas la
- Jwenn kado gratis ou yo 🙂
- Pase yon demen ki pi an sante!
RSVP jodi a oubyen kontakte Diabetes Foundation jodi a nan (201)444-0337 pou plis enfòmasyon oubyen pou enskri pa telefòn pou garanti plas ou.
An patenarya avèk Lakay Acces Sante

